Pages

Friday, November 4, 2011

blogé.. san deplogé!!!

Nou tout gen dwa a la pawol, non selman nou gen dwa a la pawol, men nou chak endistenkteman gen yon bagay pou'n di, nou chak gen yon nouvel, yon dekouvèt e menm yon sekrè ke'n ta renmen pataje ak yon zanmi, yon fanmi, ou byen yon gwoup de moun an patikilye.  menm si se pa tout moun ki ta vle pataje istwa'w la, ap gen yonn ou de (2) grenn moun kanmenm ki ap vle tande'w. Pafwa tou menm ennmi'w enterese nan sa ou gen pou di. Le'w konprann yo pap koute, epi pi ta se yo menm ki pral rakonte lot moun pou ou. Ebyen se a koz de sa mwen ap blogé. an plis, blogé se preske menm jan ak "touwit" (twit), sel diferans sè ke ou ka ekri plis, ou ka ekri yon jounal, pandan ke nan touwit ou limite ak yon nonb de karaktè..

nan blogé ou byen nan touwit, pa gen deploge. Pa gen moun ki ka vin di'w men kisa pou'w ekri, men kouman pou' ekri'l, men ki kote pou'w ekri'l ak men ki lè ou dwe ekri'l. ou eksprime lide'w jan'w vle, le'w vle, kote'w vle san reprimandasyon. alò fò'n di ke lè nou di san reprimandasyon, fok nou met nan tet nou ke tout moun gen libète pou yo di sa yo vle, men.. sa pa vle di ke pou'w pa prete atansyon ak sa w'ap di yo paske yon jou yo ka remonte douvan la lwa, epi ou pap ka di ke se jwèt ou t'ap fè.  Siwtou isit ozetazini, menm lè w'ap dòmi, la lwa ap travay. l'ap ba'w tchek. ki vle di le'w pa panse li paret sou pou'l fe'w eksplikasyon. e le sa, ou pap ka nan "m'te, m'te m'te". Fok ou met GNB pou'w reponn ak sibi konsekans sa'w te konn di. A la fin ou totalman responsab pou tout sa'w di ak tout sa'w fè kelkeswa se te hier ou byen jodi an. Pafwa ou konn responsab pou sa'w poko menm di ak fè, ou byen ou gentan ap peye pou sa'w pral di demain, lot semèn, lot mwa, ou byen lot lanné. Alò fok ou kalkile byen sa w'ap di jodi an pou'w pa nan mande padon pi douvan. Men malgre tou, pa pè itilize yon nan pi gwo dwa ke'w genyen, dwa a la pawòl, libète pou'w eksprime'w. le pli souvan li preferab si'w fe'l dan le respè, men nou tout konnen ke menm la bib di ke pafwa la chè è fèb. Gen de reyaksyon ke'w pa ka kontwole, gen de bagay ke'w pa ka kenbe. Li senpman natirel paske nou tout imen.
La plipa de ayisyen renmen met babouket nan bouch lot, yo renmen kontwole pwochen an, pou yo di'l kouman pou'l manje, dòmi. mache.. kouman pou'l viv an jeneral, e yo menm arive di'w kouman pou'w mouri, tout ayisyen ta renmen gen yon ti "puppet", ou byen nan bon kreyol la, yo tout ta renmen gen yon ti makak pou yo lonje yon grenn fig bay, e le yo pa jwenn bon makak sa, yo santi ke yo oblije fe yon pwochen yo ranplase makak sa ke yo reve an nan panse yo pou yo ka satisfè mal makak sa ki egziste nan fon kè yo. opsyon blogé ou byen touwit la, pèmèt ou ekate'w de moun sa yo ki gen mal makak yo pou yo pa lonje grenn fig ba ou. O kontrè opsyon sa yo pèmèt ou fè bann mal makak sa yo tounen bon makak la, ou fè yo manje pwòp fig yo, e pafwa si'w pa sonje gen Bondjé (ke'm rekòmande pou'w sonje TOUTAN GEN TAN) ou kapab fè mal makak sa yo manje menm po fig yo tou.

Ou ka anpeche yon konpatriyòt ayisyen manje, ou ka anpeche'l dòmi, helas ou ka jis arive anpeche'l viv. Men se yon sel bagay ou pap ka anpeche yon grenn ayisyen fè.. "PALÉ"!!!
Pale pale pale pale m'pwal pale... PALÉ, pale pale pale m'pwal palé.. PALÉ.. Roberto m'pral pale, cite soleil m'pral pale.. (ekstrè ki soti nan mizik "pedale konpa" sou albòm kite'm viv tvice lan.. 2006)..
Ayisyen gen plizyè fason li pale, lè li pale twòp, yo rele'l "pale anpil". Lè li lage kò'l nan pale sa'l pa konnen, pale sa ki pa gade'l ou byen pale afè moun, yo rele'l "jouda, fèzè, tripòt, malpalan". Lè'l jete'l nan pale jis pou bouch li bat, la li tonbe nan "ranse, rablabla, radote". Men konsa tou lè'w pale pou'w fè yon mesaj e paske li nesesè.. li kapab pase pou yon "konvèsasyon". Pi bel fason ke ou ka pran la pawol, se lè'w ap fè yon ide, mesaj pase, ou byen le'w ap eseye kominike.
Men gen yon lot fason danjere ke yon moun ka pran la pawol, e fason sa konn pèmèt ou di yon pakèt bagay san'w pa di yon mo. lè sa ou aji "an silans".. le silans se yon fom de kominikasyon ke byen souvan nou mal entèprete paske nou chwazi pou'n konprann ke silans pa gen yon siyifikasyon. e poutan silans poutet pa se vwa ki pi elvé, ki pi fò nan sal la.. e pi souvan tou se li menm ki fè moun estomaké, e se li ke awogan yo pa ka inyore. 

No comments:

Post a Comment